Rele Zouti

Etap 1:
Pran swen tet ou

Pèsonèl byennèt 

Pou pouswiv yon vokasyon ki gen sans, li enpòtan pou w asire w ke nou angaje prensipalman nan chѐche byennèt. Byennèt pozitif la gen yon lyen ki klè avѐk bon rezilta pwofesyonѐl pou pѐmѐt ou met ide w yo an pratik.  

Konsidere tèm sa yo pou montre ke yo gen yon enpak sou byennèt pèsonèl ou.

  • Jwenn bon jan repo ak manje manje ki bon pou sante nou jan sa posib. Sa konstitiye yon fondman de yon vi an sante, byenke yo souvan inyore. 

  • Rete aktif. Chak jou fè egzèsis (menm lè se yon ti mache pou w ale yon kote) ak lè ki fre (limyè solèy la) ede w panse klè epi bay nouvo pèspektiv.

  • Konekte ak moun ak kominote a. Ankouraje relasyon ki an sante, epi fѐ pati de yon kominote ki bay sipò ki pou ankouraje w nan apèl ou nan lavi, kap ba w fὸs pouw kwѐ nan tѐt ou e kap ba ou koneksyon nan yon rezilta de yon karyè pli reyisi.

  • Kontinye aprann. Devlope nouvo enterè oswa pastan, li yon bon literati pou kenbe lespri an aktif. 

  • Pratike Disiplin Espirityèl yo. Medite lѐ maten, li jounal, lapriyè ak jene, kriye si sa nesesè (!), Kalmew enteryèman epi prepare w pou w afwonte jounen an. "Lage tout tѐt chaje nou yo ba li, paske lap pran swen nou." 1 Pyè 5: 7

  • Bay. Bay lamen pou ede lòt yo nan jantiyѐs ,ranfòse konfyans nan tѐt nou.

  • Planifye davans. Genyen yon bon sans de estrikti semèn ou (sa ki petѐt akonpli e ki sou kontwòl ou) ede pou diminye enkyetid nan yon jou ak lὸt jou yo.

  • Kenbe Atant rezonab nan lespri w, epi ankouraje kominote w ki sipòte w la fè menm bagay la.

*************************************

 “11Se mwen ki konnen sa m' gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n'ap tann lan. 12Lè sa a, n'a rele m', n'a vin lapriyè nan pye m', m'a reponn nou. 13N'a chache m', n'a jwenn mwen paske n'a chache m' ak tout kè nou.”

— Jeremi 29:11-13 

“Si ou vle yon lavi konplè, ou dwe kite tout depandans kew te genyen pouw ka rekonfòte w, nan sekwe bato ak nan evite gen santiman laperèz ak mank de konfyans ki toujou akonpayone vwayaj ou yo deyò nan sekirite ak nan abitid chak jou. Yon lavi ou viv nan pasyon pa toujou konfòtab. Pouw rive ou dwe ouvè a tout sὸt de vi: bonѐ yo, lapenn yo, Monden ,e menm maji, bѐl viktwa yo, defèt ki pi mal.” 

— Nicholas Lore, The Pathfinder



Retounen nan: Ki sa ki yon apèl?Paj kap vini an: Etap 2: Konnen kiyès ou ye